Tout obstak yo, n pat kanpe Menm le n pedi moun nan wout la...

Guerline Louine - February 28 2009, 3:51 AM

Tout obstak yo, n pat kanpe Menm le n pedi moun nan wout la
Albom Jiskobou montre'w Ke nou pa pedi gou bouch la
Tout jwe nou yo te sou sa Menm sa ki te sou bann touch la
Tout fwa match la ta sere Fre day pap chanje taktik sa
Fanatik ki krezi ki renmen pran plezi
Ann rele pou BC San n pa fè bri
Oh ! Oh ! (2fwa)
Sa k te diw tire ...Groove sa a sonw fanatik ki potel li soti?

Nan BBC
Oh ! Oh ! (2fwa)
Avek albom nan al nan mondyal Yo ba n legain n'tro fo
Kounye a se on sel bagay n ap tann Son'w micro do
Pa gen disk ni palmares Paske n toujou devan
Sa m renmen anndan ekip pa m nan Mwen gen bon avan (Toup pou yo)
Izolan nan point d'attaque la L ap score moun (Zoup pou yo)
Litte BC kanpe deye m L ap ronfle moun
Flèch 1, flech 2 Nou toup pou yo
Piblik la mande anraje Pou n met pou yo
Peyi a te kanpe Ayisyen te pwouve l
Lot nasyon aksepte l Fanatik rasanble
twon mwen dwe pi move Menmsi y ap motive
BC rete soude Pou Rap Kreyol trionfe
(Chorus)
Toup pou yo Nan tenpan yo nou lage hit la
Toup pou yo N anpenpan, nou tou bat ekip sa a
Toup pou yo Nou te gen plan pou n te bat ekip sa a
Toup pou yo An lagan nou leve defi sa a
We sa n te fe pandan twa jou (Weh !)Tout moun te mete gadavou
Yo di yo gen on sel randevou (Weh !)Foli yo se Barikad Crew
Avan n te vann 5 mil CD ...

(Weh !)2008 50 pa'T pase
Tout mouchwa yo pou nou leve (Weh !)Le nou we BC ap rive (Weh!)

Li le, li tan pou nou konfyan Pou medizan kapab konprann
Se nou k pi bon, nou konn bon jan Kou bon son
Men leson sa sonw don N ap toujou plis strong
Ayisyen, eske nou pre pou nou travay (an n ale)
Ann karese, ann rev sikse nou San n pa batay (Ann avanse)
Nou deside nan men yo nou pap ka pran may
Easy AdSenser by Unreal
Fo n met barikad pou tout moun k ap pran piyay (sou Ayiti)
(Yo echwe!)
Depi nan vestye ekip la ap chofe Men nan men, teren n ap monte
Match la komanse, piblik la ap rele Balon santre, chema taktik pral devlope
Yon ti pas adwat, yon ti pas agoch Nan kan nou prale (Zoup)
Bel ti pas fant janm, n ap pike devan Kan menm fo n laga l (Zouzoup toup)
Deja, n konnen jenes la ap kale Nou gen plis fos, granmoun yo echwe
(Chorus) toup pou yo

An bon ..., si se yon femel M ap zouptyoup pou li (Woy)
Etan ke jeneral, se on azizwel M ap fout toup pou li (kow !)
Menm le w tande toup se on defoulman Pa gen vye jes
Se men nan men pou nou fe wout Si w se on brigan
Fe ko w fe S (wi) Se advese m nanM veye anwo, m veye anba l Banm ti teren gro kan....Gen jwe pour faire percer la balle

Lajenes nou pa p janm sispann pwoteje (mete l)
Nan trib gen move tak, fo n evite gwo blese Nan pran plezi panse avek edikasyon
L ap bon pou mwen, pou ou, pou li Pa mande plis esplikasyon (respekte)
K-Tafalk, Dade ak daja vu Nap toujou sonje nou
Ak tout lot zanmi ki tonbe tou N ap kenbe BC a pou toutan gen tan
(Gen sa?

Maestro Zizirit pi red
Jiskobou, men nan men Pou Ayiti ka bel)
1, 2, 3, pase - Toup Ekip sa a mande anraje - Toup
Fanatik si nou chofe N ap fe toup devan, toup deye
Toup adwat, toup agoch - Toup Nou se toro nan Hip Hop la, le n ap bos (Boss)
Se nou ki met nivo Rap Kreyol la nan on lot pos (pos)
N ap flow, Thanks God ki ba nou fos (fòs) Bravo ak lajenes ki fe yon nos
O my People Ayiti El fenomeno
BC Nou krezi pou yo Nou pot plezi pou yo (bci)
Souke bra au mayo Vlaw, vlaw

Watch the related video:

Barikad Crew Kanaval 2009 Toup Pou Yo 7

Watch the Barikad Crew Kanaval 2009 Toup Pou Yo 7 video, Toup ou yo Kanaval 2009 By Barikad Crew

REPLY to this message

Return to Message List