Gwoup sa se yon paket mesaje ki ladann. yo lib nan mesaj yap...

Behn - March 10 2009, 2:29 PM

Gwoup sa se yon paket mesaje ki ladann.

yo lib nan mesaj yap pase a epi sak pa kontan anbake.

Ayibobo pou Lòlò ak tout sanba ki avèl yo. ane sa ankò nou wè angajman yo pou mete tout malis kache deyò, kanaval se pou sa l fèt li pa la pou voye prezidan, depite ak senatè minis monte.

se yon ijans fòk mouvman kritik la kontinye fòk revandikasyon pèp la pase pou chanjman ka vini. ou gen enpresyon tout moun reziye yo kite peyi a tanbe nan abim. se pou Boukman dire lontan.

Bravo pou kanaval sa.

REPLY to this message

Return to Message List