Kenbe Kilti nou. (Jonas Attis Feat. Mirla & Lòl&#242...

Peter Ronald Berlus - January 27 2015, 11:10 AM

Kenbe Kilti nou. (Jonas Attis Feat. Mirla & Lòlò boukman).

Fòk AYITI chanjé wi

Fò'n kenbe RASIN ak VODOU mizik

Wé wé wé wé
Nou chofé
Wé wé wé
Nou sou sa
Wé wé wé
Ponpé ponpéw

Gason tonbé
Gason levé
San nou koulé
Pou libèté
Lè n pèdi fòs
Frapé tanbou
Bagèt maryé
Fòs nou doublé
VODOU mizik
RASIN, RARA
Mizik Zantray yo
Yo dwe onoré
Yo anba pyé
Yo imilyé
Pou lòt ki sot aletranjé

M' pa wè Tanbou
M' pa wè VODOU
M' pa wè Lakou
M' pa wè Rasin
Yo pa entegré KILTI lakay
Woy, nan kanaval (Bis)

Li fi'n ban nou libèté
Nou kalonnen l
Pwòp KILTI nou anba pyé
Nap pilonnen l
Yo kenbe ANPERÈ ya
Y'asasinen l
Menm Jonas Attis yo di
Yo pa konnen mesyé.

Olé olé olé olé ola
Gadé m pa wè
Kot Rasin nan nan kanaval
Olé olé olé olé ola
M' pa wè VODOU
M' pa wè mesaj yo nan kanaval

Woy woy woy woy wou
Y'anrajé
Woy woy wo wo woy
Tonnè krazé'm
M' pral palé avek yo
Woy woy wou wo woy
Anndan kay Rasin nan
N' pap meté l deyò
M' wa yé
Moun ki fè sa yo anrajé
Ah ha ayayay
Moun ki fè sa yo anrajé
Rasin nan pral lagé
Nan bouda yo
Tonnè krazé'm
Men VODOU wa pral maché
Nan bouda yo
Mezanmi Yanvalou pral eklaté
Nan bouda yo
Mezanmi men Nago wa pral kanpé
Nan bouda yo

Rasin nan pral lagé
Kongo wa pral lagé
Nago wa pral lagé
Li pral lagé
Li pral lagé

Olé olé olé olé ola
Adye BONDYE
Kot Rasin nan
Nan kanaval
Olé olé olé olé ola
Woy, m' pa wè Samba yo
Menm pa jwenn mesaj yo nan kanaval

Mizik Zantray
Bann fòs poun batay
Chak kout tanbou
Sonnen tankouw kout loray
KILTI pa nou
Sonw gwo bagay
Istwa'n pa dwe anba pay

Kenbé KILTI nou
Tradisyon nou
Idantité nou
Pou nou alé
Se fyèté nou
Mizik Nanm nou
Se Zantray nou
Pou nou alé

Woy, meté mayo anlè
Levé drapow anlè
Wa ponpé chofé
Chofé chofé
Ponpé ponpé
Chofé chofé (Bis)

Frapé frapé frapé

Leve men yo
Woy Balansé l agoch
Balansé l adwat
Levé men yo
Sekwé men yo
Sekwé men yo

Nou nan bouda yo
KILTI lakay fyèté tout yon nasyon
Nou nan bouda yo
Pou Drapo'm nan peyi l yap maltreté
Nou nan bouda yo
Yon Jenès yo neglijé
Adyé wo
Adyé wo

Rasin nan pral lagé
Kongo wa pral lagé
Nago wa pral lagé
Li pral lagé
Li pral lagé

Nan ki peyi
Peyi DESSALINES nan
Nan ki peyi
Peyi Capois Lamort wa
Nan ki peyi
Peyi tout AYITIEN yan
E wap vi'n di nou ou paka tandé VODOU
Nan ki peyi
E wap vi'n di nou ou paka tandé Rasin
Nan ki peyi
E wap vi'n di nou ou paka tandé Tanbou
Nan ki peyi
Peyi tout AYITIEN yan
Nan ki peyi
Peyi Toussaint yan
Nan ki peyi
Peyi Boukman nan

Nou nan bouda yo
Pou respè Rasin VODOU mizik ooooo
Nou nan bouda yo
Pou Drapo'n ki anba pyé kap maltreté
Nou nan bouda yo
Pou Nago, Kongo ak Yanvalou vré
Nou nan bouda yo
ZANSÈT yo di nou yo faché
Nou nan bouda yo
Map antré, tonnè krazé'm map voyé lòt
Nou nan bouda yo
KILTI an nou paka tonbé
Levé levé levé
Nou nan bouda yo
Nou nan bouda yo.

Jonas Attis Music (JAM)
Kenbe KILTI nou
Kanaval 2015

Watch the related video:

Jonas Attis Kanaval 2015 - Kenbe Kilti Nou - Feat. Mirla Lolo Boukman

Tande Haiti Kanaval 2015 saa... Jonas Attis Kanaval 2015 - Kenbe Kilti Nou - Feat. Mirla Lolo Boukman Kisa-w panse de...

REPLY to this message

Return to Message List