You lòt mereng kanavalèsk sosyal ki chaje ak mesaj...

Calo Vernat - February 27 2014, 2:57 PM

You lòt mereng kanavalèsk sosyal ki chaje ak mesaj politik.Pawòl yo tonbe daplon ak reyalite yap dekri-a.Sweton jan de mereng sa yo milti-pliye nan peyizaj kanavalèsk peyi Dayiti-a, paske machin pwopagann re-jim Tètkale-a ap fonksyone anplen randman.

Tandiske bagay yo pa roz jan yo vle fè rès mond lan kwè nan peyi-a.Alòs si se chak ennan atra- vè manifestasyon kiltirèl k'rele kanaval-la, fò gen gwoup mizikal ki pran reskonsabilite sa-a nan ente- rè nasyon-an pou di awot vwa sa anpil moun ap di touba nan fon kè yo.Jenès nou-an sanlè l'zonbifye nètale kòmsi l'pa konsène;elas !Se pa san rezon pouvwa-a vle sansire tout sa k'pap mache kole avè-l."Pi-
ta pi tris".Abobo pou gwoup tankou Kanpèch, Brother's Posse, Tokay e Ram !Eske peyi Dayiti nan moman-an toutbon vre g'on minis kilti?Si wi ki fonksyon-l?

Response to:

Li bel mwen renmen l,li pa gen betiz

Watch the related video:

Kanpech Kanaval 2014 - Kijan'l Rele

Tande kanaval 2014 sa a......Kanpech Kijan'l Rele

REPLY to this message

Return to Message List