FLASH: Haiti Kanaval - DJAKOUT #1 PAP Patisipe nan Pakou Kanaval 2016 la...

Haiti Kanaval 2016 Update -- Group Djakout #1 anonce yo pap patisipe nan pakou Kanaval 2016 la sou Chandmas paske yo di: "sa t ap vrèman iresponsab bò kote pa nou si pou n pa ta konsidere lavi ak sekirite moun sa yo ki gen pou swiv nou nan pakou defile Kanaval la."

PHOTO: Haiti - Shabba Djakout #1 ak Tonton Bicha - Kanaval 2014 Gonaives

ENGLISH: Haitian music group Djakout #1 announced they will not participate in the 2016 Kanaval festivities... See the ENGLISH Version of the Press Release below...


Djakout #1 - Kominike pou laprès
Akoz de klima ensètitid ak latwoublay sa a ki blayi aktyèlman sou Pòtoprens la, e akoz de jan sa vin enposib pou n arive jwenn yon antant a komite Kanaval la, avèk anpil regrè, Djakout #1 ap fè tout moun konnen ke li pa p patisipe nan anbyans Kanaval la ane sa a.
Nou panse sa t ap vrèman iresponsab bò kote pa nou si pou n pa ta konsidere lavi ak sekirite moun sa yo ki gen pou swiv nou nan pakou defile Kanaval la.
Desizyon sa a ke nou pran an pa t fasil ditou paske, antan ke mizisyen, se yon obligasyon sa ye pou nou pou n satisfè fanatik nou yo. Sepandan, nan menm ribrik la tou, antan ke moun ki responsab, nou pa vle pran okenn desizyon ki pou al mete lavi fanatik nou yo an danje nan Kanaval la, yon desizyon pou noumenm ki t ap regretab anpil si tout fwa ta gen moun ki ta arive viktim sou konsyans nou.
Nou pran sekirite fanatik nou yo, mizisyen djaz la ak moun k ap travay ak djaz la trè serye; se priyorite premyè nou sa ye. Alòs sa t ap trè danjere e iresponsab si pou n pa ta konsidere sitiyasyon latwoublay sa a ki blayi nan peyi a jounen jodi a.
Desizyon nou pran an pa yon desizyon pou n dekouraje pèson moun ki vle patisipe nan anbyans Kanaval la. Sa ki enpòtan pou nou sè ke kèlkeswa moun ki ta chwazi ale nan Kanaval la, ke moun sa a fè prèv de bon sans e ke li kapab aji nan tout sekirite.
Nou swete a tout moun alawonnbadè yon bon moman Kanaval e nou espere ke lapè ak trankilite kapab blayi sou Ayiti Cheri nou an. Ke Bondye beni nou.
DJAKOUT #1 MANAGEMENT



Communiqué de presse

En raison du climat d'incertitude palpable qui plane actuellement sur Port-au-Prince, en plus de la tâche impossible de parvenir à temps à une entente avec le comité du Carnaval, le groupe Djakout #1 a le regret d'informer qu'il ne participera pas aux festivités carnavalesques cette année.
Nous pensons qu'il serait irresponsable si nous ne prenions pas en compte les participants qui nous suivent religieusement tout le long du parcours du défilé. Notre décision n'a pas été facile à prendre, car en tant que musiciens, nous sommes obligés de plaire à nos fans, mais en tant qu'êtres humains, nous sommes tenus d'agir de façon à ne pas se sentir coupable.
La sécurité est notre priorité, que ce soit celle de nos musiciens, du personnel, et des participants. Ce serait pernicieux de ne pas tenir compte du malaise qui s'installe dans notre pays.
Nous n'entendons certainement pas décourager personne à participer aux festivités carnavalesques, l'important est que tout le monde fasse preuve de bon sens, et reste en sécurité.
Cela étant dit, nous souhaitons à tous un joyeux carnaval et nous espérons que la paix et la tranquillité régneront en Haïti et que Dieu bénisse ses enfants!
DJAKOUT #1 MANAGEMENT



PRESS RELEASE
FOR IMMEDIATE RELEASE
Due to extenuating circumstances involving the current climate of uncertainty in Port au Prince, in addition to the impossible task of arriving at a decision with the Carnaval committee in a timely manner, we regret to inform the public in general that Djakout #1 willl not be participating in this year's carnival festivities. We feel that it would be irresponsible if we did not take into consideration the safety of the attendees that follow us along the parcours religiously.
Our decision was not an easy one to make because as musicians we are obligated to please our fans. However, as humans we are obligated to do so in a manner that would not make us feel culpable. Safety is our priority, whether it be that of our musicians, staff, or attendees. It would be unethical not to take into consideration the un-ease among the people of our country today. We do not discourage anyone from attending the activities. We do ask that everyone use good judgement. May you all stay safe.
That being said, we wish everyone a joyous carnival. We hope that peace and tranquility will reign on Haiti. May god bless its children.
DJAKOUT #1 MANAGEMENT

Reply to this article

Return to Articles List

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: FLASH: Haiti Kanaval - DJAKOUT #1 PAP Patisipe nan Pakou Kanaval 2016 la... edit

» »